Otorite ki enkyete pou divizyon desisyon sila kreye nan popilasyon deside anile li, Premye Minis Quebec la François Legault te di yo deside fè bak sou projè sila, "nou wè mekontantman yo ap grandi de jou an jou".
Nan yon konferans pou laprès Minis François Legault deklare "Pou Québec ka nan yon klima sosyal e kalm, mwen anonse ke gouvènman an pa pral abandone desisyon li te pran pou takse moun ki pa pran vaksen yo.
Yo te prezante pwojè taks sa 11 janvye yon fason pou yo ka "ankouraje" ak konvenk moun ki pa pran vaksen yo pou yo ale vaksinen kont COVID-19, men kounyea François Legault kwè ke "anons sila divize popilasyon an".