Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Kanadyen an Teste Pozitiv pou COVID


Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan Ottawa, Kanada, 26 Janvye 2022.
Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan Ottawa, Kanada, 26 Janvye 2022.

TORONTO - Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau fè konnen li teste pozitif pou COVID-19 men li "santi'l anfom". Misye kritike manifestan anti-vaksen yo ki te pran lari kapital Kanada a pou plenyen pou restriksyon COVID li yo.

Anons la fèt apre yon wikèn manifestasyon kont egijans gouvènman an pou tout sitwayen vaksinen, mete mask epi rete chita lakay yo.

Gen kèk manifestan ki te pran lari nan kamyon kote yo te estasyone nan lari ozalantou palman an epi bloke sikilasyon an.

Genyen nan manifestasyon yo ki te fè pipi sou Moniman Lagè Nasyonal la epi danse sou tèt Tonbo Solda Enkoni a. Gen lot ki te vole drapo ak senbol nazi a.

Te gen yon woup manifestan pi pitit nan lari jodi Lendi a.

XS
SM
MD
LG