Sou Twitter li te anonse "Yè swa mwen te aprann ke mwen te ekspoze a COVID-19. Rezilta tès rapid mwen an te negatif. Mwen santi mwen byen epi mwen pral teletravay " li te ajoute.
Premye Minis la, ki gen 50 an te pran twazyèm dòz vaksen kont COVID-19 lan nan kòmansman mwa janvye.
Nan mwa mas 2020, nan kòmansman pandemi an, Justin Trudeau te oblije ale nan karantèn pou 14 jou apre kontaminasyon madanm li Sophie Grégoire Trudeau, ki te teste pozitif lè li te retounen soti nan yon vwayaj nan Lond.
Ontario, kote Mesye Trudeau abite, kontaminasyon yo ogmante, e peryòd karantèn pou moun ki pa pran vaksen yo se 10 jou.