Accessibility links

Breaking News

Amnesty Entènasyonal di Izrayèl Aplike yon Politik Apartheid kont Palestinyen yo


Israel Palestine
Israel Palestine

Nan yon nouvo rapò, Amnesty Entenasyonal akize Izrayèl dèske li kenbe yon politik Apartheid kont palestinyen yo lè li sezi tè yo ak propriete yo, kontinye ap fè masak ilegal e refize yo sitwayènte.

Gwoup la lanse apèl pou mande yon envestigasyon tribunal kriminèl entènasyonal la. Izrayel rejte rapò sa a ki daprè li se yon rapò kont Jwif e ke li gen erè.

Nan yon rapò ki gen plis pase 200 paj, Amnesty Entènasyonal akize Izrayel deske li soumèt palestinyen yo anba yon systèm segregasyon rasial. Li akize eta Jwif la deske li mentni politik ki kreye sa li dekri kom yon systèm opresyon ak dominasyon sou palestinyen yo.

Rapò sa a ke Amnesty Entenasyonal di ki pran plis pase 4 tran pou fini-l mande pou tribunal kriminèl entènasyonal mennen yon envestigasyon sou Izrayel.

Amnisty mete-l ansanm ak plizyè oganizasyon k-ap defann dwa moun pou akize Izrayel pou yon politik Apartheid, kote l-ap mete Palestinyen deyò nan kay yo, e pa ba yo dwa patisipe nan tout aktivite peyi a. Amnesty pa wè diferans nan sa Palestinyen ap pase nan Izrayèl, e ak lavi yo nan Sis-Jòdani ak Gaza ke Izrayèl kontwole depi ane 1967 men ke li pa antre nan teritwa li.

XS
SM
MD
LG