Accessibility links

Breaking News

Atakan Manchester United Mason Greenwood Anba Kòd pou Vyòl


FILE- Manchester United's Mason Greenwood runs during an English Premier League soccer match between Manchester United and Burnley, at Old Trafford in Manchester, England, Dec. 30, 2021.
FILE- Manchester United's Mason Greenwood runs during an English Premier League soccer match between Manchester United and Burnley, at Old Trafford in Manchester, England, Dec. 30, 2021.

Lapolis Britanik anonse ke yo arete Mason Greenwood pou kadejak dimanch apre yon jèn fanm te akize atakan Manchester United la Mason , ekip la deside sispann li jiska nouvel lòd .

Yo te mete l nan prizon pou yo kesyone l, otorite yo te ajoute ke "ankèt yo ap kontinye".

Jenn fi a te pibliye , yon videyo, foto ak yon anrejistreman odyo sou kont Instagram li epi li te efase.

Imaj sa yo te montre figi l ki tap senyen ak boul sou kò li, epi li te ekri "pou nenpòt moun ki vle konnen ki sa Mason Greenwood reyèlman fè m. '"

Manchester United te soti yon deklarasyon dimanch pou di "Nou okouran de imaj yo ak akizasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo," "Nou p ap fè okenn lòt kòmantè jiskaske verite yo fin etabli. Manchester United pa tolere okenn fòm vyolans."

XS
SM
MD
LG