Accessibility links

Breaking News

Parèt Palacios Devan Tribinal Miami Ranvwaye pou Fevriye


Mario Antonio Palacios, yon sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise
Mario Antonio Palacios, yon sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise

Parèt ex militè Kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios, youn nan sispèk kle nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise ranvwaye pou 4 Fevriye.

Dapre yon dokiman legal VOA Kreyol wè, avoka ki reprezante akize a, Alfredo Izzaguire di, Palacios an izolman akoz prekosyon sant detansyon kote li fèmen an pran pa rapo ak pandemi COVID-19 la.

Avoka a di jij ki te prezide premye parèt misye devan tribinal federal Miami a, Lisette Reid, ke li poko gen opotinite diskite pèsonèlman ak Palacios sou ka a jiskaprezan, e ke li pral bezwen plis tan pou l al rankontre misye epi pale ave'l. Jij Reid akode demann nan e li ranvwaye ka a pou 4 Fevriye.

Avoka gouvenman Ameriken an AUSA Walter Norkin te dako.

Etazini akize Palacios kòm konplis ak patisipan nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise 7 Jiyè 2021 an.

Pandan denye paret li devan tribinal Miami an 5 Janvye, Palacios te gen yon entèprèt ki tap tradwi pou li an panyòl, e li te mande pou tribinal la nonmen yon avoka pou defann li, paske li pa gen resous finansye pou peye frè legal yo.

Arestasyon, depotasyon Ozetazini

Nap raple la jistis Panama te arete Palacios pandan yon eskal li te fè nan peyi a sou wout pou'l tounen nan peyi li, Kolonbi. Jamayik te lage misye epi depote'l apre avoka li te mande pou sa fèt e paske dapre la jistis Jamayiken, dokiman Ayiti te voye ba li pou mande yo ekstradisyon misye an Ayiti pat adekwa pou yo fè sa.

Nan yon nòt de près li voye bay VOA, Depatman Jistis Etazini te konfime arestasyon Palacios Panama e li di ke misye te bay konsantman'l pou vwayaje Ozetazuni. Depatman Sekirite Nasyonal ak FBI akize Palacios dèske kom kwa li te konplote pou bay sipò materyèl ki te debouche sou lanmò yon lidè etranje e ke li te konplote pou'l touye yon lidè etranje.

Si yon tribinal jwenn ni koupab, Palacios ta ka pase rès vi li nan prizon.

Sistem jidisyè Etazini di tout akize prezime inosan, jiskaske yon jiri jwen ni koupab apre yon pwosè.

Detay sou entèwogasyon an

Plent ofisyèl la jistis Ameriken fè konnen Palacios te pale volontèman ak otorite Ameriken e ke yo te di yo ke nan mwa Oktob la yon konpayi te anplwaye'l pou'l vwayaje Ayiti kòm gad sekirite epi patisipe nan yon swadizan operasyon pou arete prezidan an. Palacios di apre sa ko-konspiratè yo te di'l vè 6 Juiyè ke plan an sete pou asasinen Prezidan Moise.

Interpol gen plizyè alèt wouj kont Palacios.

XS
SM
MD
LG