Accessibility links

Breaking News

Men Kijan Sa Ye Le Yon Moun Rive Peken pou Jezolenpik Ive yo


Sa Jounalis AP Wè Lè li Rive Peken pou Kouvri Jezolenpik yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:58 0:00

Sa Jounalis AP Wè Lè li Rive Peken pou Kouvri Jezolenpik yo

Gen gwo prekosyon COVID-19 ki an plas lè yon jounalis rive Peken pou kouvri Jezolenpik Ivè yo.

Premye bagay nou wè lè nou soti nan avyon an se travayè ki gen inifom pwotektif sou yo, linèt ak mask pou pwoteje ko yo.

Apre sa, te gen gason ak fanm ki abiye an blan ak bar ble toupatou nan ayewopo a.

Yo mande si wap vinn Peken pou Jezolenpik la, epi apre sa yo mande'w tann men pa pou lontan.

Te gen yon vol ki soti Hong Kong Samdi, ki te gen sèlman 19 pasaje ladann. E mwatye moun sa yo sete jounalis kap vinn kouvri Jezolenpik yo.

Se yon eksperyans ki trè diferan lè yon moun rive nan ayewopo Peken an kounyea, konpare ak jan se te konn ye anvan.

Men bagay yo efikas.

Yo teste'w nan ayewopo a rapidman pou wè si ou gen COVID. Ou pa bezwen tann anpil tan pou rezilta a - epi yo kite'w kontinye chemen ou apre ou finn ranmase malet ou, gen yon otobis ki menen'w nan otèl la.

Otobis la gen yon chofè ki konplètman izole ak pasaje yo e li gen pèmisyon vwayaje nan vwa Olenpik wout la ki pèmèt yo ale vit.

Enskripsyon otel la rapid tou e vizitè yo ka tann nan chanm yo pou rezilta tes COVID yo te fè nan ayewopo a.

Si ou teste negativ, ou ka komanse eksplore lavi a andedan "sèk fèmen an" ki gen kom bi pou pwoteje abitan yo ak touris kap vizite pou asiste Jezolenpik yo.

Jezolenpik Peken yo ap tanmen 4 Fevriye, yon ti kras plis pase 2 zan apre yo te detekte premye ka COVID-19 la nan la Chinn e 6 mwa sèlman apre Jezolenpik Ete Tokyo yo, ke yo te ranvwaye plizyè fwa akoz pandemi a e ki te resi fèt an 2020.

XS
SM
MD
LG