Byenvini Willow, dènye nan yon seri zanmimo prezidansyèl.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden akeyi yon mimi ki gen je vèt nan fanmi yo. Li pral viv nan Lamezonblanch. Se premye chat ki vinn viv nan kay prezidansyèl la depi India, yon mimi ke Prezidan George W. Bush te genyen e ki te soulve pale anpil akoz non ni.
Willow gen 2 zan e li rejwenn Commander yon ti toutou Bèje Alman Biden yo genyen lakay yo. Gen 2 Bèje Alman pi granmoun, an palan de Champ ak Major ki te manm fanmi an anvan sa. Men Champ te mouri nan mwad Jyen an a laj de 13 zan, e Major limenm ke Biden yo te sove nan yon abri pou chyen peyi te oblije kite Lamezonblanch apre li te mode yon anplwaye.
Se selman Prezidan Ameriken James K. Polk epi Donald Trump ki pat gen ni chyen ni chat pandan yo tap viv nan Lamezonblanch.