Accessibility links

Breaking News

Brezil: Bolsonaro Anonse yon Vwayaj nan Larisi nan Fen Fevriye


FILE PHOTO: Presidential guard change ceremony at the Planalto Palace in Brasilia
FILE PHOTO: Presidential guard change ceremony at the Planalto Palace in Brasilia

Prezidan brezilyen an, Jair Bolsonaro, anonse jedi ke li pral vizite Larisi "nan fen mwa fevriye", nan mitan gwo tansyon ant Moskou ak peyi nan Otan yo sou dosye Ikrèn.

Jair Bolsonaro di sipòtè li yo ki te rasanble deyò Palè Alvorada"Mwen prale Larisi mwa pwochen poum ranfòse lyen ak amelyore relasyon komèsyal yo,"

Biwo prezidans te di AFP " yo pa gen detay pou moman sa" sou vizit sa ki ta dwe fè pati yon vwayaj sa kote Mesye Bolsonaro gen pou li ale nan peyi Ongri tou.

Vis Prezidan Hamilton Mourão te konsede Lendi pase li panse vwayaj sa a ka anile akòz kriz diplomatik grav ant Larisi ak Loksidan sou dosye Ikrèn lan .

Jair Bolsonaro te eksplike 19 janvye ke vizit li a "pa te gen entansyon kreye pwoblèm nan animozite".

"Nou okouran de pwoblèm ke peyi otan yo genyen ak Larisi. Men, Larisi se patnè nou . Sa a se yon vwayaj ki nan enterè peyi nou, ak yo tou".

XS
SM
MD
LG