Accessibility links

Breaking News

Lagrès: Kriz Ekonomik Peyi a Kontinye Domine Ajanda Somè G-20 an


Premye minis grèk la, George Papandreou
Premye minis grèk la, George Papandreou

Premye minis grèk la, George Papandreou, gen pou l fè fas ak yon vòt konfyans nan palman an, swa yon jou apre li finn abandone lide pou l òganize yon referandòm nan peyi a.

Referandòm nan te koze gwo mekontantman lakay lidè ewopeyen an k ap eseye parèt ak yon fon relans ekonomik pou ede Lagrès ki chaje ak pwoblèm lajan jounen jodi a.

Mesye Papandreou te retire l kòl sou wout referandòm nan jedi 3 novanm 2011 la, apre opozisyon sant-dwat nasyon elenik la te dakò pou l apiye pwopozisyon inyon ewopeyèn nan ki vini ak rediksyon depans ki pap jwi okenn popilarite nan mitan piblik grèk la.

Premye minis Papandreou, k ap fè fas ak gwo presyon entènasyonal pou l abandone referandòm nan, fè konnen vòt la, se te yon taktik politik pou fè pati opozisyon Lagrès yo apiye plan redresman ekonomik ewopeyen an.

XS
SM
MD
LG