Accessibility links

Breaking News

Venezuela : Prezidan Asanble Nasyonal Juan Guaido Denonse Polisye Kap eseye Entimide l jis devan Lakay li


Juan Guaido Ansanm ak Madanm li Fabiana e Pitit Fi 20 mwa li a nan Karakas, Venezuela. AP/Fernando Llano
Juan Guaido Ansanm ak Madanm li Fabiana e Pitit Fi 20 mwa li a nan Karakas, Venezuela. AP/Fernando Llano

Lidè opozisyon Venezuela Juan Guaido fè konnen fòs sekirite prezante yo devan apatman kote madanm li abite nan vil Karakas, nan yon tantativ pou entimide l. Mesye Guaido presize ajan sekirite ki soti nan yon inite espesyal la lapolis , ki pwovoke laperèz nan peyi-a, enben yo te debake devan apatman an nan dat 31 janvye 2019, kote yo tap mande pou madan marye li, Fabiana.

Nan yon mesaj prezidan asanble nasyonal venezuelyen an mete sou kont Twitter, li di ensidan sa a rive nan moman pititt fi 20 mwa li a te nan kay la ak grann li, e ke si nenpòt malè ta rive tibebe a, lap rann lidè sosyalis venezuelyen Nicolas Maduro responsab pou zak la.

Jiskaprezan gouvènman mesye Maduro ap dirije nan peyi amerik di sid la pa fè okenn deklarasyon sou ensidan an. Nan kòmantè mesye Guaido fè nan laprès, li di moun nan vwazinay la te debake nan zòn nan ak kaswòl e mamitt kuizinn pou fè eskandal apre polisye te finn prezante yo nan konplèks apatman an.

XS
SM
MD
LG