Premye minis britanik la, Theresa May, pral fè fas ak yon gwo tès politik mèkredi 14 novanm nan nan moman l ap eseye jwenn konsantman manm kabinè ministeryèl li a sou yon akò preliminè konsènan kondisyon pou La Grann Bretay rale kò li nan Inyon Ewòp la. Negosyatè britanik ak tokay yo nan Inyon an te jwenn yon antant madi 13 novanm apre yon chita-pale manch long, men yo poko rann detay negosyasyon yo piblik.
Madam May gen pou l pran tèt prensipal minis nan kabinè a pou yo apiye akò a, yon dokiman palman britanik la pral gen pou apwouve tou pi devan. Sepandan, demach sa a pa pral fasil ditou paske plizyè palmantè gen pozisyon depaman sou kesyon Brexit la (separasyon La Grann Bretay avèk Inyon an). Anpil nan lejislatè yo kritike apwòch premye minis Theresa May pran sou fason pou peyi a sòti nan Inyon Ewòp la.