Accessibility links

Breaking News

Washington Dispoze Pran Sanksyon kont Responsab Asasina Jounalis J. Khashoggi, daprè Sekretè Deja Pompeo


Mike Pompeo, Sekretè Deta Lèzetazini.
Mike Pompeo, Sekretè Deta Lèzetazini.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, deklare sa kapab pran kèk semèn ankò anvan pou Lèzetazini genyen nan men li tout prèv ki nesesè pou l pran sanksyon kont tout moun ki mele nan asasina jounalis sawoudyen Jamal Khoshoggi.

Pandan chèf diplomasi Lèzetazini an t ap pale avèk Radyo KMOX ki baze nan vil Saint-Louis, nan Eta Missouri, li di administrasyon Trump la kontinye chache konprann fè reyèl yo pandan "n ap anvizaje ki sanksyon pou nou lage sou do moun nou rive idantifye jiskaprezan kòm responsab asasina sa a."

Yon postè kote yon manifestan ap mande jistis pou Jamal Khashoggi.
Yon postè kote yon manifestan ap mande jistis pou Jamal Khashoggi.

Misye Pompeo ensiste sou le fèt ke Prezidan Donald Trump pran angajman pou l fè tout moun ki ta mele nan krim sa a rann kont pou zak yo. Lèzetazini lanse apèl bay gouvènman Arabi Sawoudit la pou mande l chache kadav Jamal Khashoggi epi remèt li bay fanmi li pi vit posib.

Zanmi ak fanmi jounalis la fè konnen si yo te jwenn yon ti moso nan kò a, yo t ap kontan anpil; paske sa t ap pèmèt yo akonpli volonte Khashoggi pou yo antere li nan vil Medina, 2èm lye ki pi sen pou relijyon Islam nan.

XS
SM
MD
LG