Kandida ekstrèm-dwat Jair Bolsonaro ranpòte 2zyèm tou eleksyon prezidansyèl la nan Brezil dimanch 28 oktòb, e viktwa sa a soulve kè-sote kòmkwa li pral mete a kote dwa sivik ak libète lapawòl nan peyi sid-ameriken an. Mesye Bolsonaro ranmase 56 pousan nan vwa yo alòske rival gochis li a ,Fernando Haddad, ranmase 44 pousan limenm. Prezidan eli Bolsonaro, ki te pran lapawòl pou okazyon an , di ki kalte gouvènman li pral mete sou pye nan Brezil.
" se moun ki te apiye m e ki gen menm objektif avèk mwen ki pral nan gouvènman an. Objektif nou, se fè Brezil tounen yon gran nasyon ki lib e pwospèr. Nou bay asirans pou nou travay lajounen kou nan nuit pou akonpli objektif sa a."
Jair Bolsonaro te mennen yon kanpay ki baze sou chanjman, kote li te dekri tèt li kòm yon kandida ki kwè nan lòd ak sekirite ki gen entansyon bay la polis plis pouvwa pou lanse kanpay sere boulon kont krim nan pi gwo ekonomi amerik du sud la.