Accessibility links

Breaking News

In Memoriam : Charles Aznavour

Chantè e konpozitè Charles Aznavour nan yon seremoni ki t ap onore li avèk yon etwal nan "Hollywood Walk of Fame in Los Angeles/Salon Selebrite Holiwood la nan Los Angeles" jedi 24 out 2017. (Foto: AP Photo/Damian Dovargane).د

Chantè lejandè Charles Aznavour –ki te deklare semèn pase a “rèv mwen se pou m ta rann dènye soupi mwen sou yon sèn”, mouri nan vil Pari, kapital Lafrans. Li te genyen 94 an. Se pòtpawòl vedèt la ki bay AFP enfòmasyon an lendi premye oktòb la.

Aznavour, ki se an menm tan konpozitè ak pawolye, te fèk retounen sòt nan yon toune o Japon kote li te bay plizyè konsè mwa pase a. Li mouri lakay li nan vil Alpilles, nan pati sid-ès Lafrans. Ane pase a li te oblije anile anpil konsè aprè li te sòt tonbe epi li te kase bra li. Sepandan, sa pa gen twò lontan, nan jounen vandredi 28 septanm 2018 la, Aznavour, ki te yon ti bout gason, te bay yon entèvyou nan televizyon kote li te fè konnen madanm li –ki se yon swedwaz- pa t sispann mande l mete fen nan karyè li; men li te reponn pou l di:

“Rèv mwen se pou m ta mouri sou yon sèn; konsa mwen ta mouri ak kè-kontan.”

Aznavour te chante nan 7 lang, li te fè fanatik nan divès peyi, e li te ranpòte plizyè pri an Frans e a letranje.
Aznavour te chante nan 7 lang, li te fè fanatik nan divès peyi, e li te ranpòte plizyè pri an Frans e a letranje.

Sete yon nonm ki t ap travay tout tan san l pa t pran repo. Enfòmasyon ki parèt sou li kòm yon atis nan domèn chanson an, fè konnen li te fè deklarasyon sa yo sou tèt li:

“Mwen toujou prale de l’avan. Pa gen fè bak pou mwen…"

“Tout sa m ka fè se kontinye viv; e se sou yon sèn mwen viv pi byen."

"Lè m sou yon sèn, mwen santi m byennere; dayè se yon bagay tout moun ka wè.”

Chantè lejandè sa a -ki te pran nesans an Frans nan yon fanmi ki te sòti Ameni- te gen plan pou l lanse yon lòt toune entènasyonal anvan fen mwa doktòb la. Pwogram nan te dwe kòmanse nan vil Brisèl, nan La Bèljik nan dat 26 oktòb 2018 la.

Aznavour ki t ap bo men chantèz fransèz Hafsin Herzi anvan levedrido yon seremoni ki ta pral ouvè 62èm Festival Entènasyonal Film Cannes nan, nan pati sid Lafrans, mèkredi 13 me 2009. (Foto: AP/François Mori).

Prezidan Emmanuel Macron se youn pami premye moun ki voye kondoleyans yo bay lafanmi Aznavour. Lidè fransè a chante lwanj sa li rele: “yon ekselans san parèy.” Li ajoute:

“Sete yon fransè ki te fyè de tèt li; li te rete makònen solidman avèk rasin familyal li ki ann Ameni. Kòm yon pèsonalite yo konnen toupatou atravè lemond, Charles Aznavour te pote lajwa pou 3 jenerasyon moun, kit yo te nan rejwisans, kit yo te nan lapenn.”

Chantè Fransè Byen Koni, Charles Aznavour Mouri; Li te Gen 94 Zan
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:38 0:00

Manm fanmi vedèt ektwòdinè a pibliye sou Facebook yon deklarasyon nan 3 lang –fransè, anglè ak amenyen- kote yo di “Eritaj Charles pral viv pou tout tan.” An 1998, chèn televizyon ameriken CNN te rekonèt gwo popilarite mondyal Aznavour, yon atis ki te chante nan plizyè lang e ki t ap travay tout tan, san pran souf. Medya sa a te remèt li yon pri kòm << Atis-vedèt 21 syèk la. >>

XS
SM
MD
LG