<< Koripsyon, ki enstale kò l kòm sistèm, vle tounen yon fenomèn natirèl. >>
Se avèk sitasyon sa a jounal Le Nouvelliste entwodui yon mesaj Konferans Episkopal d Ayiti lanse kote li fè konsta ki nan tit piblikasyon jounal la. Mesaj konferans la parèt nan jounen jedi 27 septanm 2018 la aprè yon rankont ki te reyini evèk yo nan vil Kap-Ayisyen.
Kadinal Chibly Langlois avèk 11 evèk ki an fonksyon toujou plis “evèk Emerit” Willy Roméus te patisipe nan rankont sa a e se yo ki siyen mesaj la. Nan yon pati dokiman an, dirijan Konferans Episkopal la ekri:
“ Koripsyon se yon maladi jeneralize, ki prezan tout kote e tout tan. Apre li fin enstalem kò l kòm yon sistèm, li gen tandans parèt kòm yon fenomèn natirèl. Li koze kèk dega grav sou plan sosyal, politik ak ekonomik ki pa fasil pou repere. Li fin pa fè ni dirijan yo, ni moun y ap dirije yo, komèt zak mafya ki gen konsekans pèsonn pa ka kalkile. Nou gen yon prèv devan nou: se Afè Petro-Caribe a ki pwovoke yon revèy konsyans sivik ak patriyotik.”
Pi lwen nan mesaj la, manm Konferans Episkopal la lanse yon apèl bay pèp la pa mande l pa dekouraje nan moman nou rive “nan yon faz kritik devlopman nou”, pou l “pa kite moun fè l pèdi bousòl li” epi pou l kontinye avanse lè li fin reyalize ke nou dwe leve epi lite kont pwoblèm tanjou enpinite, koripsyon, vyolans gang ame...
====================================
Si ou vle li tout mesaj Konferans Episkopal la, ou ka jwenn li nan nimewo jounal Le Nouvelliste pibliye jedi 27 septanm 2018 la.