Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise devan Asanble Jeneral Nasyonzini an


Diskou Prezidan Ayisyen an Jovenel Moïse devan Tribin l’ONU an
please wait

No media source currently available

0:00 0:21:50 0:00

Diskou Prezidan Ayisyen an Jovenel Moïse devan Tribin l’ONU an

Jedi 27 septanm 2018 la, prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pran lapawòl devan Asanbe Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan kad patisipasyon prezidan, premye minis, donk chèf deta ak chèf gouvènman eta-manm l'ONU yo nan 73èm sesyon Asanble a. Otorite l'ONU yo te lanse sesyon an madi 25 septanm 2018 la nan katye jeneral òganizasyon mondyal la nan Manhattan, New York.

Nan premye pati mesaj Prezidan Moise la, li pale antwòt de reyalizasyon gouvènman li a depi dènye sesyon an -swa sesyon ane pase a kote li te pran lapawòl pou la premyè fwa devan lidè mondyal yo. Li fè referans ak yon rapò Oganizasyon Nasyon Zini ki pale de jan sitiyasyn an evolye nan peyi d Ayiti pandan ane 2017 la.

Prezidan Jovenel Moise (agoch) ki t ap bay lanmen avèk Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres. (Foto: REUTERS/Darren Ornitz).
Prezidan Jovenel Moise (agoch) ki t ap bay lanmen avèk Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres. (Foto: REUTERS/Darren Ornitz).

Pi lwen Prezidan Moise prezante yon tablo sou sitiyasyon ekonomik la, pi presizeman sou defi peyi a te gen e kontinye genyen pou l konfwonte nan domèn sa a, avèk detay sou kèk pespektiv d'avni. Pou sa ki konsène defi yo, lidè ayisyen an ensiste sou difikilte peyi a pa sispann rankontre e ki, daprè sa l di, bloke pwogrè Leta vize yo. Li site, pa egzanp, fenomèn natirèl tankou siklòn souvan repete ki frajilize sektè agrikòl la, yon sektè ki jwe yon wòl enpotan nan apwovizyonnman asyèt ekonomik Peyi d Ayiti.

Gen yon mo (ou plito 2 mo) Prezidan ayisyen an repete plizyè fwa nan mesaj li devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an: se "devlopman dirab". Se konsa youn nan priyorite gouvènman li a se yon politik devlopman ki vize yon egzekisyon transvèsal; kidonk, yon politik devlopman ki touche tout sektè; objektif la se amelyore endis ki sèvi pou klase peyi yo sou tablo l'ONU ki montre nivo devlopman yo an jeneral.

=========================================

Ale sou sit Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la (VOAKREYOL.COM) si ou vle gade video ki montre Prezidan Jovenel Moise pandan li t ap prezante mesaj li a devan Asanble Jeneral òganizasyon mondyal la.

XS
SM
MD
LG