Accessibility links

Breaking News

Tanzani: Omwen 79 Moun mouri nan yon Aksidan Bato Kabotaj Jedi 20 Septanm


Sekouris Kap Eseye sove Tan Pasaje Nan yon Aksidan Bato Kabotaj nan Tanzani Vandredi 21 Septanm. 2018
Sekouris Kap Eseye sove Tan Pasaje Nan yon Aksidan Bato Kabotaj nan Tanzani Vandredi 21 Septanm. 2018

Responsab gouvènmantal nan peyi Tanzani fè konnen omwen 79 pasaje mouri nan yon bato kabotaj ki chavire nan Lak Victoria nan fen yè jedi-a. Sekouris rekòmanse ap fè fouy jodi vandredi-a pou wè si yo ta jwenn suvivan nan aqksidan mòtèl-la.

Dapre otorite tanzanyen yo 37 moun sekouris reyusi sove yo twouve yo an movèz eta. Jiskaprezan, personn pa konnen aklè konbyen pasaje ki te abò bato kabotaj-la, men mòd batiman transpò publik sa yo abitue pote plizyè santèn pasaje alafwa..

XS
SM
MD
LG