Accessibility links

Breaking News

Komunote Entènasyonal la Gade Nan Memwa li Kèk Bon Souvni Sou Lavi Senatè John McCain


Prezidan Ikrèn nan Petro Preshenko Kap bay Senatè John McCain Lamen padan yon Vizit nan Peyi Li a, Sa gen Anviwon 2 zam
Prezidan Ikrèn nan Petro Preshenko Kap bay Senatè John McCain Lamen padan yon Vizit nan Peyi Li a, Sa gen Anviwon 2 zam

Nan moman moun toupatou isit Ozetazuni ap prezante kondoleyans yo bay fanmi defen senatè John McCain. pèsonalite politik sou tout planèt-a sonje li tou, pami yo gwo responsab nan peyi Vyetnam, kote li te pase 5 kan edmi kòm prizonye lagè. Sòlda vyetnamyen te desann avyon bonbadye Senatè-a tap pilote an 1967, sepandan moun nan nasyon azyatik-la plis sonje li pou efò li te deplwaye nan retabli relasyon diplomatik ant Etazuni ak Vyetnam nan ane ki sot pase yo. Sitwayen vyetnamyen al depoze plizyè jèb flè nan zòn kote militè te desann avyon bonbadye li-a, e yo mete yon liv kondoleyans ouvè nan anbasad Etazuni nan Hanoi, yon fason pou pèmèt rezidan lokal yo rann li yon dènye omaj. Veteran lagè Vyetnam Pham Minh Chuc bay defen senatè Arizona-a kredi deske li te pote yon lapè durab pou peyi li-a.

"Mwen gen anpil admirasyon pou li, paske li konn fè distenksyon ant byen ak mal. Poutèt li aprann surmonte le pase akote pèp vyetnamyen-an , dekwa pou bati yon pi bon avni pou 2 peyi yo. Etazini ak Vyetnam. Grass ak asistans senatè-a, mwen kwè dezormè pa pral genyen okenn lagè ant Etazuni ak Vyetnam. END

Bò kote pa'l, prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko rapòte yon istwa kote limenm ak McCain tal vizite solda lame detè ikrenyen ki te anba kout zam lennmi. Mesye Poroshenko di senatè McCain te fache pou l mouri lè yon moun te fè sijesyon pou'l rete dèyè.

" Lè mwen te pwopoze poun al wè solda ukrenyen pou prezante yo felisitasyon nou ( moun te ka tande bri bal kap tire ) nan Shirokino, li te ranvwaye vwayaj li nan direksyon peyi Je-òrji, paske li di plass li se isit la nan Ikrèn. alos 10 kilomèt avan nou te rive nan Shirokino, gad sekirite m yo te fèm konnen solda yo anba bal lenmi, mwen te di ou se yon senatè ameriken , ou pa ta dwe ale nan zonn lagè-a, e li te fache pou'l mouri."

Premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu limenm, ki te an vwayaj dimanch 26 out la nan Letoni, chante lwanj pou defen senatè a li di ki te yon gwo zanmi pou Izrayèl.

XS
SM
MD
LG