Accessibility links

Breaking News

Reyinyon Kontinye ap Dewoule nan Rejyon Fwontyè 2 Kore yo, e plis Toujou Pral Fèt Nan Fen Semèn Sa a


2 Sè ki Tap viv nan 2 Kore Yo apre Yon Separasyon Manch Long.AP/Korea Pool
2 Sè ki Tap viv nan 2 Kore Yo apre Yon Separasyon Manch Long.AP/Korea Pool

Plizyè santèn sudkoreyen reyuni ak manm fanmi ki tap viv nan Kore Dunò semèn sa-a apre yon separasyon ki te dire plis pase 6 dizèn lane, sètadi depi lagè Kore a te divize penensul la an 2. lendi 20 Out la, plizyè douzèn ladan yo te tanmen bay akolad ak dlo nan je, swa kèk èdtan apre divès otobis te fin travèse fwontyè Kore Dinor a. Nan okazyon an , 2 sè te rankontre youn ak lot apre anviwon 60 tan.

" Mwen pa konnen si se reve map reve ou pa, mwen te panse seur mwen-an te mouri, men li vivan e li pote li trè byen".

Gouvènman Kore Di Sid la di gen yon lòt tranch reyunyon ki pral dewoule nan sans sa-a ant vandredi e dimanch kap vinn la a, kote plis pase 300 manm fanmi ki soti nan tou 2 Kore yo pral rankontre. Pandanstan, Sewoul konsidere separasyon sa yo kòm yon pwobèm imanitè lagè Kore-a te pwovoke.

XS
SM
MD
LG