Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Sispèk Militan Taliban Kidnape Plizyè Douzèn Pasaje yon Otobis


Polis Afgan kap fè patwouy, nan Kaboul, 13 out 2018.
Polis Afgan kap fè patwouy, nan Kaboul, 13 out 2018.

Moun otorite nan Afganistan sispèk kòm militan taliban kidnape plizyè douzèn pasaje nan yon konvwa otobis nan pati nò peyi alendi 20 out 2018 la.

Yon pòtpawol pou gouvènman pwovens Kunduz-la di kidnapè yo te kanpe otobis la nan moman yo tap soti nan rejyon Takar pou ale nan kapital Afganistan an, Kaboul.

Rebèl yo te fose pasaje yo desann bis la e pati avèk yo. Jiskaprezan, Taliban yo poko pran responsablite pou Dappiyanp la. Atak spektakilè sa a rive yon jou apre Prezidan afgan an, Ashraf Ghani, finn anonse yon seselfeu inilateral e kondisyonèl ak taliban yo, swa kèk èdtan apre otorite yon te fin konfirme nouvèl komkwa rebèl ta kaptire plizyè douzèn twoup gouvènmantal.

XS
SM
MD
LG