Accessibility links

Breaking News

Ansyen Sekretè Jeneral Nasyon-Zuni, Kofi Annan, Mouri samdi 18 Out 2018 a Laj 80 Tan.


Moun Plase Yon Bouke Flè tou Pre yon Foto Kofi Annan nan Katye Jeneral Nasyon-Zuni Nan Dat 18 Out,2018. AP/Mary Altaffer
Moun Plase Yon Bouke Flè tou Pre yon Foto Kofi Annan nan Katye Jeneral Nasyon-Zuni Nan Dat 18 Out,2018. AP/Mary Altaffer

Ansyen sekretè jeneral Nasyonzuni, Kofi Annan, mouri a laj 80 tan. Fanmi mesye Annan ak responsab nan fondasyon li an te anonse nouvèl la sou kont Twitter yo, kote yo presize ansyen sekeretè jeneral Lonu an rann dènye souf li pezibleman samdi 18 Out 2018 la, apre yon maladi ki pat dire lontan. Sou bò pa'l, Nasyonzuni di sou kont Twitter pa li , "Jodi a nou nan lapèn akoz lanmò yon bon gason ki te, alafwa, yon lidè e yon vizyonè".

Li te menen yon vi byen ranpli, e ki merite yon gwo selebrasyon. Kofi Annan te pran nesans nan peyi Ghana, an Afrik Delwès, e li se premye nwa ki te dirije Lonu. Mesye Annan te okipe pòs sa-a soti nan1997 pou rive ane 2006. Nan lane 2001 Kofi Annan te loreya Pri Nobèl Lapè ansanm ak Nasyonzuni pou travay umanitè li te reyalize nan epòk la.

XS
SM
MD
LG