Accessibility links

Breaking News

Sekouris SOS Meditèrane Sove 141 Pasaje Somalyen ak Eritreyen sou Kot Peyi Libi Vandredi Pase.


Yon Bato Migran ki Bloke sou Lanmè Meditèrane ak Plis pase 100 Pasaje, Pami yo 67 Minè Ki pa Akonpaye.Twitter/SOS Mediterranean.
Yon Bato Migran ki Bloke sou Lanmè Meditèrane ak Plis pase 100 Pasaje, Pami yo 67 Minè Ki pa Akonpaye.Twitter/SOS Mediterranean.

Yon gwoup sekouris ewopeyen fè konnen migran ki te bloke sou lanmè Meditèrane a pale pou di gen 5 bato ki pase tou pre yo , e ki te refize bayo asistans jiskaske youn ladan yo te drside pote yo sekou vandredi pase. Aloy Vimard, ki fè pati gwoup SOS Meditèrane a, di dimanch 12 out la, " sanble prensip ki mande pou pote asistans bay pasaje ki an dankje sou lanmè, se yon prensip ki an je kounye-a. Politik ki vize anpeche migran atenn kontinan ewopeyen an pwovoke plis soufrans e vwayaj pi riske pou moun ki deja vilnerab anpil.

SOS Mediterane kap travay nan tèt ansanm ak medsen san fwontyè te sove 141 migran ki te bloke nan yon bato an bwa sou kot peyi Libi vandredi pase. Pifò ladan yo te soti nan peyi Eritre ak Somali.

XS
SM
MD
LG