Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye Minis Pakistan Imran Khan pran Angajman pou l Fè Fas Kare ak Lamizè e Pote Chanjman nan Sistèn Gouvènans Pakistan an.


Nouvo Premye Minis Pakistan Imran Khan Nan Moman Litap pale ak Medya nan Islamabad 25 Jiyè, 2018.
Nouvo Premye Minis Pakistan Imran Khan Nan Moman Litap pale ak Medya nan Islamabad 25 Jiyè, 2018.

Komisyon elektoral Pakistan an fè konnen ansyen selebrite spòtif ki vinn tounen yon polisyen jounen jodi a ,Imran Khan, soti venkè nan eleksyon palmantè ki sot dewoule nan peyi-a, men pati politik li a pa ranmase ase vwa pou fòme yon gouvènman majoritè. Kidonk , li pral oblije monte yon kowalisyon pou'l dirije peyi a. Anons sa a tonbe kèk èdtan sèlman apre mesye Khan finn kriye viktwa pati PT li a yè jedi a. Nan yon diskou viktwa li pwononse nan televizyon, li pran angajman pou l takle lamizè nan Pakistan, elimine korupsyon epi re-òganize sistèm gouvènans nasyon li pral dirije a.

XS
SM
MD
LG