Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Revize Avètisman sou Vwayaj ann Ayiti - Nivo 4 Desann nan Nivo 3


Logo Depatman Deta Ameriken
Logo Depatman Deta Ameriken

US DEPARTMENT OF STATE

Biwo Pòtpawòl la

17Jiyè 2018 - NOT POU LAPRES

Ayiti - Avètisman sou Vwayaj Desann nan nivo 3 – Rekonsiderasyon sou Vwayaj

Depatman Deta ameriken bese nivo Avètisman sou Vwayaj ann Ayiti a pou mete l nan kategori 3 – Nan dat 17 jiyè 2018 la, nou rekonsidere avètisman kont vwayaj akoz dezòd piblik avèk krim. Avètisman sa a ranplase sila ki te vini anvan an e ki te parèt nan dat 9 jiyè 2018 la.

Men tèkst total Avètisman sou Vwayaj la jan nou revize l la:

Ayiti- Nivo 3: Rekonsiderasyon sou vwayaj

Rekonsidere vwayaj ann Ayiti akoz krim ak mouvman leve-kanpe.

Nan dat 9 jiyè 2018 la, gouvènman Lèzetazini an te otorize depa volontè manm pèsonèl gouvènman ameriken an ki pa ijan ak manm fanmi yo.

Krim vyolan, tankou vòl a men ame, se bagay ki kouran. Mouvman pwotestasyon, kawotyou k ap boule, avèk barikad sou wout se bagay ki kouran e souvan yo ka prezante san zatann. Lapolis lokal byen kapab pa genyen resous ki nesesè pou l koresponn yon fason efikas ak ensidan kriminèl grav yo; epi repons an ka dijans --tankou sèvis anbilans konsa- se bagay ki limite oubyen sa pa egziste menm.

Pafwa, bandi yo vize vizitè etranje, yo suiv yo pou yo atake yo avèk vyolans epi yo vòlè zafè yo yon ti tan apre yo fin kite ayewopò entènasyonal Pòtoprens la. Anbasad amerikèn mande menm pèsonèl li itilize transpò ofisyèl pou yo ale ayewopò ou byen sòti ayewopò, epi anbasad la pran dispozisyon pou sèvis siveyans li detekte e anpeche atak kriminèl fèt pandan transpò sa yo. Gouvènman Lèzetazini an gen posiblite limite pou l ofri sèvis dijans pou sitwayen ameriken yo nan kèk zòn ann Ayiti. Anbasad la bay manm pèsonèl li yo konsèy pou yo pa deplase a-pye nan kèk katye. Anbasad la entèdi manm pèsonèl li fè bagay sa yo:

-Vizite yon enstalasyon/building/kay aprè solèy la fin kouche si li pa gen paking ki gen sekirite e sou plas;

-Itilize okenn tip transpò piblik oubyen taksi;

-vizite bank oubyen itilize gichè otomatik (ATM);

-Deplase nan machin pou kite Pòtoprens nannuit;

-Ale okenn kote ant 1nè di maten ak 5kè di maten;

-Vizite kèk zòn nan vil la nenpòt ki lè san yo pa jwenn otorizasyon davans e si pa gen dispozisyon pou bay sekirite sou plas;

Li seksyon ki pale de pwoteksyon ak sekirite nan paj enfòmasyon sou peyi a (Read the Safety and Security section on the country information page).

Men sa pou w fè si ou deside vwayaje ann ayiti:

-Pa ale kot ki gen mnifestasyon/pwotestasyon;

-Fè aranjman davans pou deplasman ou sòti ayewopò pou w ale nan otèl ou (oubyen sòti nan otèl ou pou w ale ayewopò), oubyen fè moun kote w pral desann nan vin rankontre ou lè w rive èpòt;

-Fèt anpil atansyon lè w ap bay yon moun adrès ou ann Ayiti. Pa bay moun ki pa otorize enfòmasyon pèsonèl ou –si ou nan biwo imigrasyon, ladwann oubyen lòt kote andedan oubyen tou prè ayewopò yo ann Ayiti;

-Pandan w ap kite ayewopò a, fèt atansyon anpil pou pa gen okenn moun k ap swiv ou. Si w remake gen moun k ap swiv ou, antre ak machin nan imedyatman nan biwo polis ki pi pre a;

-Si yo eseye atake w fizikman pou yo vòlè afè w, pa fè rezistans;

Revize enfòmasyon sou zòn kote gen gwo risk pou moun k ap vwayaje (Review information on Travel to High-Risk Areas).

-Enskri nan pwogram enskripsyon pou vwayajè ki entèlijan (abreje anglè: STEP) pou w ka resevwa Avètisman epi fè l pi fasil pou otorite konsène yo konnen ki kote ou ye an ka dijans; (Enroll in the Smart Traveler Enrollment Program (STEP) to receive Alerts and make it easier to locate you in an emergency.)

- Swiv Depatman Deta sou Facebook ak Twitter. (Follow the Department of State on Facebook and Twitter).

-Revize rapò Konsèy sou Avètismasn konsènan Sekirite a Letranje sou Ayiti. (Review the Overseas Security Advisory Council report on Haiti).

-Sitwayen ameriken kap vwayaje a letranje ta dwe toujou genyen yon plan de rechanj (yon plan B) avèk li pou sizoka yon ijans ta prezante. Revize Lis Aksyon pou Moun k ap Vwayaje. (U. S. citizens who travel abroad should always have a contingency plan for emergency situations. Review the Traveler’s Checklist).

XS
SM
MD
LG