Accessibility links

Breaking News

Kante Moun Deplase yo Ogmante nan Lemond, Daprè Ajans L'ONU pou Refijye yo


Sitwayen soudanè ki te oblije kite rejyon kote yo t ap viv la akoz lagè.
Sitwayen soudanè ki te oblije kite rejyon kote yo t ap viv la akoz lagè.

Ajans Nasyon Zini pou Refijye fè konnen yon kantitre rekò moun atravè lemond (swa 68 milyon 500 mil kretyen vivan) te gen pou yo kite rejyon kote yo t ap viv la ane pase a akoz lagè, zak vyolans ak pèsekisyon.

Wo komisè l’ONU pou Refujye a, Filippo Grandi -ki t ap bay yon konferans pou laprès madi 19 jen 2018 la- fè jounalis yo konnen kantite total la pou ane 2017 la depase kantite pou ane anvan an, donk ane 2016-- avèk yon di plis ki depase 3 milyon moun.

Daprè misye Grandi toujou, plis pase 16 milyon kretyen vivan te tounen moun deplase pou la premyè fwa nan vi yo akoz konfli ki t ap dewoule san rete, mete sou yon mank solisyon pou konfli sa yo; sa kreye yon sitiyasyon ki pa sispann mete presyon sou popilasyon sivil la.

XS
SM
MD
LG