Accessibility links

Breaking News

Sekretè deta Mike Pompeo rejte Nouvèl kòmkwa Etazuni Pare pou Leve Sanksyon sou Kore Dinò.


U.S. Secretary of State Mike Pompeo meets with South Korean Foreign Minister Kang Kyung-wha and Japanese Foreign Minister Taro Kono at the Foreign Ministry in Seoul, South Korea, June 14, 2018.
U.S. Secretary of State Mike Pompeo meets with South Korean Foreign Minister Kang Kyung-wha and Japanese Foreign Minister Taro Kono at the Foreign Ministry in Seoul, South Korea, June 14, 2018.

Sekretè deta ameriken Mike Pompeo rejte kategorikman nouvèl yo publiye nan medya leta Kore Dinò kòmkwa prezidan Donald Trump dakò pandan somè ki dewoule ant limenm ak lidè nor-koreyen Kim Jong Un semèn sa-a nan Sengapour pou leve tikrass pa tikrass sanksyon Etazuni enpoze sou Pyongyang yo, e ke mesye Trump konprann klèman sekans pwosesus la dwe suiv. Ajans nouvèl ofisyèl Kore Dinò a di lidè ameriken an ofri pou l leve sanksyon yo ofiramezi relasyon ant 2 peyi yo ap amelyore Pandan mesye Pompeo ak minis afè etranjè Japon an Taro Kono tap fè yon konferans deprès konjwen ak tokay sud-koreyen Kang Kyung-Hwa nan Sewoul, li di administrasyon Trump la pa pral refè menm erè lòt predesesè li yo te komèt, kote li bay Pyongyang rekonpans sou baz kèk senp pwomès oubyen pawòl mete la.

XS
SM
MD
LG