Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Eli Peruvyen an nan Kiba


Ollanta Humala
Ollanta Humala

Prezidan eli peruvyen an, Ollanta Humala rive nan Kiba, dènye etap yon virewon li t ap fè nan plizyé nasyon.

Vizit mesye Humala rive yon ti kras plis ke yon semèn anvan nouvo prezidan an prete sèman nan dat 28 jiyè k ap vini an.

Jounal pati komunis kiben an, “Granma” rapòte pawòl mesye Humala ki fè konnen li te al vizite yon peyi sè e li pataje yon kalandriye louvri avèk prezidan kiben an, Raul Castro.

Depi eleksyon mesye Humala nan tèt peyi Pewou li deja vizite plizyè lòt peyi, pami yo: Brezil, Venezuela ak Meksik.

Ollanta Humala te vizite Etazini nan kòmansman mwa sa a kote li te rankontre ak Prezidan Barack Obama.

XS
SM
MD
LG