Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon 50èm Anivèsè Asasina Reveran Pastè e Doktè Martin Luther King, Jr.


Seremoni kote moun ap depoze jèb-flè nan lonè Dr. Martin Luther King nan okazyon 50èm anivèsè asasina li, devan Memoryal MLK nan nan Washington, DC, pandan jounen 4 avril 2018.
Seremoni kote moun ap depoze jèb-flè nan lonè Dr. Martin Luther King nan okazyon 50èm anivèsè asasina li, devan Memoryal MLK nan nan Washington, DC, pandan jounen 4 avril 2018.

Mèkredi 4 avril 2018 la make 50èm anivèsè asasina lidè Mouvman Dwa Sivik la Ozetazini, Reveran Pastè e Doktè Matin Luther King, Jr. Sete an menm tan yon loreya Pri Nobel Lapè a.

Kèk nan pitit Doktè Luther King yo ak divès diyitè ameriken renouvle apèl Pastè King te lanse pou l mande jistis rasyal e ekonomik, nan yoj seremoni ki dewoule madi swa nan vil Memphis, Eta Tennessee, kote yon asasen te mete fen nan vi li yon 4 avril nan ane 1968. Nan okazyon seremoni sa a, Madam Bernice King --pi jenn pitit-fi Doktè Martin Luther King, deklare:

" Nou pèdi yon papa anba bal yon asasen; misteryèzman nou pedi yon mononk nan yon pisin, paske li te konn yon bagay sou asasina sa a. "

Premye pitit-gason Pastè King nan, Martin Luther King 3, bò kote pa l, deklare:

<< Sa gen apèn 2 jou, nan vil Sacramento, nan Kalifòni, nou te wè yon jenn gason tonbe anba bal alòske li te genyen nan men li yon telefòn selilè sèlman. Yon fason oubyen yon lòt, fòk lajistis triyonfe; fòk li triyonfe yon jou, e pi bonè se kounye la a. >>

Martin Luther King III, yon militan defans dwamoun, pandan yon rankont ak Prezidan Donald Trump, nan Trump Tower la nan New York. (Foto:16 janvye 2017, Reuters/Alex Wronblewski).
Martin Luther King III, yon militan defans dwamoun, pandan yon rankont ak Prezidan Donald Trump, nan Trump Tower la nan New York. (Foto:16 janvye 2017, Reuters/Alex Wronblewski).

Doktè Martin Luther King te pale de yon jou padon ak jistis ki gen pou vini, nan youn nan diskou ki pi istorik e pi memorab li te fè yo, yon diskou li te pwononse yon jou anvan li te tonbe anba bal asasen an. Dr. King te di:

<< Gen kèk jou difisil kap tann nou pi devan; men sa pa di m anyen kote nou rive la a. Paske mwen deja rive sou tèt montay la. Sa pa di m anyen kounye a. Menm jan ak tout moun, mwen ta renmen viv yon long vi, paske lonjevite genyen enpòtans li. Sepandan, sa pa enterese m kounyela a; sèl sa mwen vle, se fè volonte Bondye. Li te ban m pèmisyon pou m monte sou tèt montay la; e lè m gade anba, mwen wè La Terre Promise. Se posib pou m pa antre ladan n avèk nou; men mwen ta renmen nou konnen aswè a ke nou- an tan ke yon pèp- nou gen pou n antre nan Terre Promiz la. >>

Vizyon Doktè King te genyen pou lavi a vin pi bèl pou tout moun (lwen tout enjistis rasyal e ekonomik) se yon vizyon kap sonnen nan zòrèy nou jous jounen jodi a 50 ane apre lanmò li. E se yon kwayans, se yon konviksyon ki rete nan kè pitit-li yo ak anpil moun li te rive touche avèk yon mesaj ki pote lespwa pou tout moun.

XS
SM
MD
LG