Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kous pou Kongrè a - Eleksyon Espesyal nan Eta Pennsilvani


Prezidan Donald Trump ki tap fè yon diskou nan yon meeting de mas an favè kandida repibliken an Rick Saccone (Foto: 10 mas 2018).
Prezidan Donald Trump ki tap fè yon diskou nan yon meeting de mas an favè kandida repibliken an Rick Saccone (Foto: 10 mas 2018).

Ozetazini, elektè nan Eta Pennsilvani ap òganize nan jounen madi 13 mas 2018 la yon eleksyon espesyal pou yon plas depite nan Kongrè a. Eeleksyon sa a gen yon enpòtans kapital pou ni Pati Demokrat la, ni Pati Repibliken an.

Eleksyon sa a ap dewoule nan Moon Township, yon sikonskripsyon Prezidan Donald Trump te ranpòte ak 19 pwen davans nan prezidansyèl novanm 2016-la. Sepandan Demokrat yo espere ranpòte yon viktwa-sipriz ki ta anonse sa k pral pase nan mwa novanm pwochen an lè eleksyon mi-manda pou depite ak senatè yo va dewoule.

Se fasil pou yon moun konprann enpòtans eleksyon sa a si nou di ata Prezidan Donald Trump antre nan kanpay la pou l ranfòse piblikman chans kandida repibliken an, Rick Saccone. Pandan lidè ameriken an t ap patisipe nan yon meeting nan Pennsilvani, li te fè deklarasyon sa a:

"Nou bezwen Rick Saconne. nou bezwwen plis repibliken nan Kongrè a. Nou bezwen vòt yo. San sa yo pral elimine desizyon ki koupe taks nou yo. Yo pral pran Segond Amandman an nan men nou; yo pral pran nan men nou libète pou nou pote zam nan."

Ansyen Vis Prezidan Joe Biden ki lonje dwèt li sou kandida Demokrat la, Conor Lamb (adwat) nan yon meeting de mas ki t ap dewoule anvan eleksyon pou reprezantan 18èm sikonskripsyon Eta Pennsilvani an, Moon Township, nan Chanm Depite ameriken an.
Ansyen Vis Prezidan Joe Biden ki lonje dwèt li sou kandida Demokrat la, Conor Lamb (adwat) nan yon meeting de mas ki t ap dewoule anvan eleksyon pou reprezantan 18èm sikonskripsyon Eta Pennsilvani an, Moon Township, nan Chanm Depite ameriken an.

Bò kote Demokrat yo, kandida Conor Lamb jwenn apui kèk pèsonalite enpòtan nan leadership pati a ki mete tout pwa yo nan balans la pou yo apiye Misye Lamb. Youn nan gwo moso sa yo se ansyen Vis Prezidan Joe Biden ki te mennen kanpay pou kandida demokrat la. Misye Biden raple piblik la kèk faktè ki bay laviktwa nan politik:

"Nan polik se pasyon ak angajman ki domine; nan politik se pasyon ak angajman ki bay apui san parèy e janm ou jwenn nan ti kominote de baz yo, nan ti kominote lokal yo…"

Daprè dènye sondaj yo, li pa posib pou obsèvatè yo prevwa avèk presizyon ki kandida ki pral ranpòte laviktwa; e rezilta a pral sèvi pou montre kilès nan 2 pati yo ki pi byen plase pou l ranpòte majorite syèj ki pral an je nan 2 chanm Kongrè a nan eleksyon mi-manda novanm 2018 la.

XS
SM
MD
LG