Accessibility links

Breaking News

Prezidan DoPresident Donald Trump signs a proclamation on steel imports during an event in the Roosevelt Room of the White House in Washington, March 8, 2018. He also signed one for aluminum.nald Trump Ogmante Tarif Dwanye sou Enpòtasyon Asye ak Alimiinyòm

Pandan siyati pwoklamasyon sou nouvo tarif yo, Prezidan Trump te gen avèk li yon delegasyon travayè izin metalik -kèk pami yo te gen kask travay yo nan men yo. (Foto: AP Photo/Susan Walsh -8 mas 2018).

Nan apre-midi jounen jedi 8 mas 2018 la, prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen kèk pwoklamasyon ki ogmante jiska 25% tarif dwanye Lèzetazini mete sou asye epi 10% sou alimiinyòm k ap antre nan peyi a. Nouvo tarif sa yo pral antre an aplikasyon nan 15 jou.

Puiske kèk sektè pè pou desizyon sa a pa pwovoke yon gè komèsyal, Misye Trump presize le fèt ke peyi etranje ap anvayi mache ameriken an ak pwodui an asye ak aliminyòm, sa reprezante "yon atak sou peyi nou an." Li lanse lide pou pwodiktè etanje yo vin enstale biznis yo Ozetazini. Lidè ameriken an deklare:

<< Si w pa vle peye taks, vin ouvè izin nou Ozetazini. >>

Prezidan Trump siyen dokiman sou ogmantasyon tarif yo an prezans ofisyèl sa yo: Vis Prezidan Mike Pence, Minis Trezò a (Finans) Steve Mnuchin, Minis Komès la Wilbur Ross, Reprezantan Komèsyal Lèzetazini an Robert Lightizer, ak Direktè Politik Komèsyal ak Endistriyèl la Peter Navarro.

Pandan Prezidan Trump t ap fè anons la e pandan li t ap siyen pwoklamasyon yo nan Sal Roosvelt la, li te genyen avèk li yon delegasyon travayè izin metalik -kèk pami yo te genyen kask travay yo nan men yo. Pèsonalite sa yo te prezan tou: Vis Prezidan Mike Pence, Minis Trezò a (Finans) Steve Mnuchin, Minis Komès la Wilbur Ross, Reprezantan Komèsyal Lèzetazini an Robert Lightizer, ak Direktè Politik Komèsyal ak Endistriyèl la Peter Navarro.

XS
SM
MD
LG