Accessibility links

Breaking News

Jezolenpik d Ivè yo Pran Fen nan vil PyeongChang, nan Kore di Nò

Thomas Bach, prezidan Komite Entènasyonal Olenpik la, ak Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, ki t ap salye piblik la pandan seremoni fèmti Je Zolenpkik d Ivè 2018 yo nan Pyeongchang, nan Kore di Sid. (Foto: 25 fevriye 2018).

Jezolenpik yo, ki fèk fin dewoule nan Kore di Sid yo e ki pote non "Olenpyad Lapè yo", rive kreye yon gwo ankourajman pou pati konsène yo chache yon solisyon pou tansyon ki egziste sou Preskil Kore a; men obsèvatè yo di yo pa ka prevwa si gwo bourad sa a pral dire lontan.
Lidè delegasyon Kore di Nò a nan Olenpyad Kore di Sid yo, Kim Yong Chol (adwat) ki t ap asiste seremoni fèmti a bò kote Prezidan Tribinal Konstitisyonèl Kore di Sid la, Lee Jin-sung (mitan), avèk kòmandan fòs militè ameriken yo nan Kore di Sid, Vincent Brooks (an inifòm militè, agoch).

Nan seremoni kloti Je yo ki dewoule dimanch 25 fevriye a nan vil PyeyongChang nan Kore di Sid, prezidan Komite Entènasyonal Olenpik la, Thomas Bach, fè konpliman pou 2 Kore yo poutèt yo te itilize Je Zolenpik yo pou yo ranfòse efò rekonsilasyasyon entè-koreyen an.

Misye Bach di: <<Nou menm, Sid ak Nò-koreyen, nou pataje lafwa nou nan yon avni pasifik antre nou menm, Koreyen, ak tout lòt nasyon nan lemond. Nou rive montre kijan spò kapab rapwoche lèzòm nan yon mond ki tèlman frajil, an palan de mond kote n ap viv jounen jodi a. >>

XS
SM
MD
LG