Accessibility links

Breaking News

Afik di Sid - Pati sou Pouvwa a, ANC, Mande Demisyon Prezidan Zuma


Prezidan Jacob Zuma (mitan) nan biwo Prezidan Palman an nan Cape Town, Afrik di Sid (Foto: 7 fevriye 2018).
Prezidan Jacob Zuma (mitan) nan biwo Prezidan Palman an nan Cape Town, Afrik di Sid (Foto: 7 fevriye 2018).
Biwo prezidan sid afriken-an, Jacob Zuma, demanti nouvèl ki fè konnen kòmkwa Misye Zuma --k ap fè fas ak anpil difikilte-- pral bay yon konferans pou laprès nan jounen mekredi 14 fevriye 2018 la pou li anonse si wi ou non li pral satisfè demand pati li a fè pou l bay demisyon l.
Depi madi 13 fevriye a, Prezidan Zuma te gen pou l reyaji sou desizyon Kongre Nasyonal Afriken an (ANC, ou pati ki sou pouvwa a) pran pou wete li sou pouvwa a apre 9 van ki te chaje ak plizyè swadizan akizasyon koripsyon ak pwoblem ekonomik. Pami akizasyon sa yo genyen ki di kèmkwa Misye Zuma ta itilize apepre 20 milyon dola nan fon piblik pou l fè reparasyon nan kay prive li.
XS
SM
MD
LG