Accessibility links

Breaking News

Afrik: Lidè Opozisyon Zimbanwe a Nome yon Lòt Manm Pwovizwa pou Ranplase l


Nelson Chamisa, prezidan pwovizwa Mouvman pou Chanjman Demokratik,
Nelson Chamisa, prezidan pwovizwa Mouvman pou Chanjman Demokratik,

Lidè opozisyon an nan peyi Zimbabwe, Morgan Tsvangirai, nonmen Nelson Chamisa kòm prezidan pwovizwa Mouvman pou Chanjman Demokratik, yon chanjman ki antre an vigè imedyatman.

Pati a fè konnen Chamisa, youn nan 3 vis-prezidan pati a, pwal sèvi kòm prezidan pati a jiskaske Misye Tsvangirai retounen soti nan tretman pou kansè nan peyi vwazen Afrik di Sid.

Pati a fè konnen 2 lòt vis prezidan yo, yo nan Afrik di Sid tou.
Lidè pati MDC a ap fè antre soti lopital depi li te fin revele nan mwa jen ane pase ke li gen kansè nan kolon.

XS
SM
MD
LG