Accessibility links

Breaking News

2 Kore yo Gen yon Lòt Rezon pou yo Pa Antann yo


Atlèt Kore di Nò ki t ap Fè egzèsis avèk drapo Kore di Sid (Foto Achiv)
Atlèt Kore di Nò ki t ap Fè egzèsis avèk drapo Kore di Sid (Foto Achiv)
Kore di Nò anile yon espektak kiltirèl entè-koreyen 2 peyi yo te planifye pou yo òganize anvan Je Zolenpik Ivè yo, dapre sa minis inifikasyon Kore di Sid la anonse lendi 29 janvye 2018 a.
Nan Kore di Nò, otorite yo lage responsablite a sou do medya nan Kore di Sid ki ta ankouraje santiman piblik “derespektan” kont Kore di Nò e otorite yo nan Pyongyang deside anile evènman an ki ta pral dewoule nan dat 4 fevriye 2018 la nan Kore di Nò pou selebre Je Zolenpik Ivè yo. Syèj je sa yo se PyeongChang, yon vil nan Kore di Sid.
Sewoul di li konsidere desizyon an kòm yon aksyon “byen regretan” e li bay peyi vwazen an konsèy pou l kenbe tout antant ki te fèt ant 2 peyi yo, dapre ajans nouvèl Reuters.
Semèn pase a, 12 jwèz hocker Kore di Nò te travèse fwontyè a pou yo ale jwenn tokay yo nan Kore di Sid kote yo fòme premye ekip olenpip koreyen ki janm fèt depi jou 2 kan, ki te nan lagè, te separe ane 50 yo pou yo fòme 2 peyi.
XS
SM
MD
LG