Accessibility links

Breaking News

A Pari: Flèv Lasèn Monte - Mil 500 Moun Deplase -- 240 Vil ak Vilaj Domaje


Yon zòn ki inonda nan vil Pari (Foto: Dimanch 28 janvye 2018).
Yon zòn ki inonda nan vil Pari (Foto: Dimanch 28 janvye 2018).
Nan vil Pari, kapital Lafans, Flev Lasèn monte rive 4 mèt an plis nivo nòmal li lendi 29 janvye 2018 la aprè lapli ki pase plizyè jou ap tonbe sou kapital fransèz la pandan mwa janvye a. Nivo dlo a ki konte men wòtè oblije yon afè de mil 500 moun kouri kite kay yo e sa koze dega nan plis pase 240 vil ak vilaj kote flèv la pase.
Dlo a monte jiska yon wotè 5 mèt 84 sou nivo nòmal li, daprè echèl Austerlitz la. Se yon nivo ki pi ba pase sa meteo te prevwa a, e li pi ba lontan toujou pase nivo rekò a ke debòdman Lasèn te atenn an 1910, swa 8 mèt 62.
Espeyalis yo prevwa flèv la pral rete nan menm nivo a pandan tout rès jounen lendi a, anvan li kòmanse fè yon ti desann madi; sepandan sa pral pran plizyè semenn pou otorite yo ak rezidan yo netwaye vil Pari ak zòn ki antoure li yo. Akoz monte nivo dlo a nan Lasèn ak ti rivyè ki debouche sou li yo, genyen anpil wout ki fèmen nan Pari, kote moun yo ap fè fas ak lòt pwoblèm tou, tankou sit touristik ki inonde ak pwomnad nan bato ki sispann atravè vil la.
XS
SM
MD
LG