Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Reyaksyon nan Sektè Opozisyon Politik la Kont Pawòl Prezidan Ameriken an Ta di Kont Ayisyen


Manifestasyon Opozisyon an nan Pòtoprens
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:45 0:00

Nan peyi d Ayiti, yon branch nan opozisyon demokratik la òganize, nan jounen lendi 22 janvye 2018 la, sa li rele “Marche de la Dignité” pou pwoteste kont deklarasyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, ta fè sa pa gen lontan pou l di li konsidere Ayiti kòm “yon twou malpwòpte”. Daprè òganizatè yo, mach la gen pou demare anba lavil Pòtoprens, pou l al abouti devan anbasad amerikèn nan Tabarre.

Nan video nou poste a, yon manifestan deklare:

“ Pèp ameriken an pa te dwe eli yon moun tankou Trump. Ayit pa “yon twoup de merde”. Nou menm, nan geto yo, nou leve lavwa pou n di Ayiti se yon twou de gaz, se yon peyi ki chaje riches, ki chaje ak gaz, ki chaje ak lò anba tèa; nèg yo vin vòlè richès yo, yo fin vèlò tout gaz yo, yo fin vèlò tout lò yo… e jodi a nèg yo pa wont pou y ap di “Ayiti se yon twou de mèd.” Jodi a nou menm, nèg geto yo, nou di nou fyè deske nou se Aisyen; nou di nou fyè deske nou se nwa. Nou fèk kòmanse goumen. Toutotan nou pa jwenn rezilta nan men Donald Trump; toutotan li pa mande tout Nwa yo padon, nou fèk kòmanse goumen.”

Nap raple sa pa gen lontan, Prezidan Donald Trump te pwovoke reyaksyon negatif bò kote anpil manm kongrè a ki tap patisipe nan yon rankont nan La Mezon Blanch sou imigrasyon kote lidè ameriken an te di Ayiti, Salvadò ak peyi afriken yo se peyi “de merde ou peyi malpwòpte

XS
SM
MD
LG