Accessibility links

Breaking News

Yon Sèl Ekip Pral Reprezante 2 Kore yo nan Pwochen Jezolenpik Divè yo nan Pyeongchang, Kore di Sid.

Foto sa a montre Pak Jung Chul (goch), antrenè ekip judo Kore di Nò a, ak Chung Eun-sun, jwè baskèt Kore di Sid, ki t ap pote ansanm drapo inite a nan Je Zolenpik Sydney a nan Ostrali, le 15 septanm 2000.

Kore di Nò ak Kore di Sid pral fòme yon sèl e menm ekip “hockey sur glace” pou yo patisipe nan Je Zolenpik Divè yo e delegasyon yo pral defile ak yon sèl e menm drapo nan seremoni ouvèti a. Se anons sa a 2 peyi yo fè mèkredi 17 janvye 2018 la.
Ajans nouvèl Yonhap ki pibliye enfòmasyon an fè konnen desizyon sa a pa gen parèy nan istwa 2 Kore yo e se rezilta yon demand otorite yo n an Sewoul te fè yon semèn avan anonse la. Se premye fwa Pyongyang aksepte patisipe nan yon je zolenpik k ap fèt nan Kore di Sid.

Reprezantan ofisyèl 2 Kore yo te rankontre nan kòmansman mwa janvye 2018 la pou eseye bese tansyon an ant 2 peyi yo.
Reprezantan ofisyèl 2 Kore yo te rankontre nan kòmansman mwa janvye 2018 la pou eseye bese tansyon an ant 2 peyi yo.

Nouvèl la fè sonje Kore di Nò te boykote Jezolenpik ki te dewoule nan pati sid preskil la an 1988. Pwochen Je Zolenpk Divè yo pral dewoule nan vil Pyeongchang, nan Kore di Sid, ant le 9 e le 25 fevriye 2018.

XS
SM
MD
LG