Accessibility links

Breaking News

Mesaj Pap Franswa pou Ane 2018: 'Bliye Bagay Ki San Valè nan Mond la, Travay pou Lapè'


Pap Franswa pandan selebrasyon nouvèl ane 2018 la nan Bazilik Sen Pyè a, Vatikan, lendi 1 janvye 2018. (Foto: AP/ Andew Medichini)
Pap Franswa pandan selebrasyon nouvèl ane 2018 la nan Bazilik Sen Pyè a, Vatikan, lendi 1 janvye 2018. (Foto: AP/ Andew Medichini)

Vatikan: Pap Franswa mande tout moun travay pou lapè ak pou yon mond ki pi akeyan sitou pou sila yo ki se refijye. Pap la pale konsa lendi maten premye janvye a nan yon mès li selebre nan bazilik Sen Pyè a. Apre sa, Pap Franswa te salye 40 mil moun ki te reyini sou plas Sen Pyè a.

"Nan kòmansman ane sa a, nou menm tou, antan ke kretyen nan pelerinaj nou, santi nesesite pou n rekòmanse yon lòt fwa ankò, kite dèyè fado yo nan lepase e rekòmanse konsantre nou sou bagay ki enpòtan," Pap Franswa deklare.

Nan yon mesaj li te preche nan mès tradisyonèl 25 desanm 2017 pase a, Pap Franswa te di li swete lapè retabli nan Mwayen Oryan an patikilyèman Jerizalèm.

XS
SM
MD
LG