Endonezi deplwaye plizyè ekip sekouris nan yon zòn chaje ak mòn ki tou pre vil Jakarta, yon fason pou jwenn yon djèt komèsyal russ ki disparèt sou ekran rada ak omwen 44 pasaje abò li .
Jounal endonezyen Jakarat Post, k ap site otorite endonezyen fè konnen plizyè ekip sekouris terès, pami yo kèk inite militè, ap kite kapital la nan direksyon Mòn Salak ki nan yon zòn rekile.
Otorite yo di yo deside antreprann nouvo demach sa a, paske elikoptè sekouris yo te fè fas ak move tan ki te fòse yo retounenn nan baz yo.