Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare ajan FBI kap mennen ankèt sou enfliyans Larisi sou eleksyon prezidansyel novanm 2016 la, komèt enjistis kont ansyen konseye sekirite nasyonal li a, Michael Flynn, e li eksprime senpati li pou Misye Flynn.
Michael Flynn te plede koupab vandredi pase a deske li te bay ajan FBI manti an janve 2017 lè yo tap poze l kesyon sou kontak li te genyen avèk anbasadè ris la nan Washington, Sergei Kislyak --kontak ki te dewoule kèk semèn sèlman anvan Misye Trump te prete sèman kòm nouvo prezidan Lèzetazini.
Prezidan Trump konpare manti Misye Flynn te bay FBI yo avèk deklarasyon ansyen rival demokrat li a, Hillary Clinton, te fè lè FBI tap mennen ankèt sou fason li te itilize kourye elektwonik prive li yo. Pandan lidè ameriken an tap kite Washinton pou l ale nan Eta Utah, li di:
“Hillary bay FBI manti plziyè fwa; anyen pa rive li. Men, Flynn bay manti, e yo vle detrui lavi li. Sa se yon wont…"
Misye Trump atire atansyon sou le fèt ke Madan Clinton pat fè deklarasyon li yo sou sèman, alòs ke FBI te fè Misye Flynn prete sèman pou l di laverite e anyen dòt ke laverite. Sepandan, ansyen direktè Biwo Ankèt Federal la (FBI), James Comey, te fè depozisyon l nan mwa jiyè 2017 la pou l di Madan Clinton pat bay ajan yo manti lè li tap reponn kesyon yo sou fason li te itilize kourye elektwonik prive li yo kòm Sekretè Deta