Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Ansyen Konseye Sekirite Nasyonal Michael Flynn Plede Koupab nan Dosye Larisi a


Ansyen Konseye Sekirite Nasyonal administrasyon Trump la, Michael Flynn, pandan li tap rive nan yon tribinal federal nan Washington, vandredi premye desanm 2017.
Ansyen Konseye Sekirite Nasyonal administrasyon Trump la, Michael Flynn, pandan li tap rive nan yon tribinal federal nan Washington, vandredi premye desanm 2017.

Ansyen konseye sekirite nasyonal Prezidan Donald Trump la, ansyen jeneral Michael Flynn, plede koupab vandredi premye desanm 2017 la deske li te bay anketè federal manti sou kontak li te pran ak anbasadè Larisi a Ozetazini, Sergei Kislyak.

Desizyon jeneral Flynn pran pou l plede koupab la se yon siyn ki ka montre l ap kowopere ak komisè espesyal Robert Mueller kap mennen ankèt sou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la e sou yon posib antant ant responsab kanpay Trump la avèk Larisi pou yo te fè mank-e-melanj ak rezilta eleksyon an. Aprè Misye Flynn te fin konparèt devan tribinal la, li pibliye yon deklarasyon kote li di:

“ Aksyon mwen rekonèt mwen te poze devan tribinal la, se te move aksyon; e mwen pran angajman sou lafwa mwen nan Bondye pou m di tout laverite sou afè sa a. “

Ansyen jeneral Michael Flynn (adwat) ki plede koupab deske li te bay anketè federal manti. Li te sèvi kòm konseye sekirite nasyonal Prezidan Trump (agoch) pandan yon tibout tan.
Ansyen jeneral Michael Flynn (adwat) ki plede koupab deske li te bay anketè federal manti. Li te sèvi kòm konseye sekirite nasyonal Prezidan Trump (agoch) pandan yon tibout tan.

Michael Flynn gen pou l reponn akizasyon deske li te komèt yon vyolasyon lavwa grav poutèt li te bay manti sou 2 konvèsasyon prive li ye genyen avèk anbasadè ris la --yon akizasyon ki ka fè l pran yon tou prizon 5 kan. Yon dokiman tribinal ki parèt nan menm jounen vandredi a montre konvèzasyon yo te dewoule otou sanksyon Lèzetazini te mete sou do Larisi yo pandan Prezidan Barack Obama te sou pouvwa a.

Dokiman sa a --ki pote siyati komisè espesyal Robert Mueller-- fè konnen nan mwa janvye 2017 la, kèk jou sèlman aprè prestasyon sèman Prezidan Donald Trump, Misye Flynn te fè deklarasyon ki te fo e li te makiye laverite alòske li te byen konnen se manti li tap bay” lè li tap reponn kesyon anketè sou konvèsasyon li avèk Anbasadè Kislyak.

Daprè avoka kap pouswiv ansyen konseye a nan zafè sa a, nan mwa desanm 2016, Michael Flynn te fè anketè yo li pat mande anbasadè Kislyak pa chache fè sitiyasyon an vin pi grav aprè Lèzetazini te pran sanksyon kont Larisi nan menm jounen an”, men se manti li te bay.

XS
SM
MD
LG