Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Konfime Lansman yon Lòt Misil Balistik Ki Kapab Frape Nenpòt Kote sou Tèritwa Ameriken an


Nan yon estasyon tren nan Sewoul, Kore di Sid, yon mesye ki tap gade yon pwogram televizyon kote yo tap pase yon video ki montre dènye lansman misil an datKore di Nò a (Foto: 29 novnam 2017).
Nan yon estasyon tren nan Sewoul, Kore di Sid, yon mesye ki tap gade yon pwogram televizyon kote yo tap pase yon video ki montre dènye lansman misil an datKore di Nò a (Foto: 29 novnam 2017).

Kore du Nò anonse, nan jounen mèkredi 29 novanm 2017 la, li reyalize avèk siksè lansman yon nouvo misil balistik entèkontinantal ki ta kapab touche Lèzetazini kontinantal, sètadi teritwa ameriken ki sitiye anba Kanada a. Nò-koreyen yo te lanse misil la yon jou anvan anons, swa madi 28 novanm nan, e li t al tonbe nan Lanmè Japon an, byen lwen Lèzetazini.

REYAKSYON LEZETAZINI

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare “gwo sanksyon malouk pral tonbe sou do Kore di Nò aprè peyi sa a fin teste yon misil balistik entèkontinantal ki, daprè espesyalis yo, ta kapab frape nenpòt kilès nan 50 eta ameriken yo.

Nan yon twit Misye Trump pibliye mèkredi, li di li pale ak prezidan chinwa a, Xi Jinping, de aksyon pwovokasyon Kore di Nò poze a. Lidè Ameriken an pran angajman, yon fwa ankò, pou l “jere sitiyasyon an”; men li pa bay plis detay. Pandansetan, La Mozon Blanch pibliye yon deklarasyon kote li fè kèk kòmantè sou konvèsasyon telefonik Prezidan Trump te genyen avèk tokay chinwa li a.ameriken yo.

Moun kap gade nouvèl sou televizyon ki montre foto Prezidan Donald Trump ak lidè Kore di Nö a, Kim Jong Un. (Foto: 29 novanm 2017).
Moun kap gade nouvèl sou televizyon ki montre foto Prezidan Donald Trump ak lidè Kore di Nö a, Kim Jong Un. (Foto: 29 novanm 2017).

“… Prezidan Trump ensiste sou nesesite pou Lachin sèvi ak tout enfliyans li pou l fè Kore di Nò konprann li dwe mete fen nan pwovokasyon li yo epi retounen sou chemen denikleyarizasyon an…”

REYAKSYON KORE DI SID

Si prezidan ameriken an, Donald Trump, di li pral “jere sitiyasyon an” kòmsadwa san li pa bay detay, pòtpawòl Wo-Kòmandman militè Kore di Sid la, Roh Jae-cheon, deklare li-menm :

“ Lame nou an ap siveye Kore di Nò tout tan, 24 sou 24. Nou gen kapasite --e nou pare-- pou n frape kote pwovoksyon an ap sòti a, sètadi nou pare pou n frape enstalasyon-kle yo itilize pou yo lanse misil yo. Nou pare pou n reponn atè, sou lanmè ak anlè sizoka ta genyen yon lòt pwovokasyon... “

Aprè lansman misil Kore di Nò te fè anvan yo, otorite peyi a te toujou prese di misil la te gen kapasite pou l frape tout kote Ozetazini; men avèk aksyon Pyongyang poze madi a, li montre li pèfeksyone misil li yo; e otorite nò-koreyen ak ameriken fè konnen misil sa a te kapab vole pi wo pase sa Kore di Nò te teste anvan yo.

XS
SM
MD
LG