Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump ak Xi Ofri Sektè Dafè Asi a Plan Depaman sou Echanj Komèsyal


 Prezidan Etazini an, Donald Trump pandan li te pran la pawòl nan Somè Om Dafè APEC la o Vietnam, 10 novanm 2017.
Prezidan Etazini an, Donald Trump pandan li te pran la pawòl nan Somè Om Dafè APEC la o Vietnam, 10 novanm 2017.

Lèzetazini ak Lachinn prezante pwendvi diferan sou fason yo wè echanj komèsyal ak direksyon li ta dwe pran sou kontinan azyatik la pandan diskou Prezidan Trump ak Xi pwononse devan lidè sektè dafè yo jodi vandredi 11 novanm 2017 la avan ouvèti somè kowoperasyon ekonomik azi-pasifik la, kap dewoule o Vyetnam.

Misye Trump di li gen volonte pou l siyen akò komèsyal bilateral ak nenpòt peyi nan rejyon endo-pasifik la.Sepandan, lidè ameriken an rejte tout akò miltilateral tankou akò partenarya trans-pasifik 12 nasyon an, yon antant li te abandone depi premye jou li te monte sou pouvwa a.

Jiska prezan, poko gen okenn nouvèl ofisyèl pou konnen si wi ou non Prezidan Trump ap rankontre kòlèg ris li a, Vladimir Putin, pandan somè ekonomik peyi manm Asosyasyon Azi-Pasifik la.

XS
SM
MD
LG