Accessibility links

Breaking News

Ivanka Trump Plede an Favè Entegrasyon Plis Fanm nan Domèn Lasyans ak Teknoloji


Ivanka Trump, Konseye prezidan ameriken an Donald Trump. Ivanka Trump se anmèmtan yon pitit fi Prezidan Trump. Foto: Tokyo, Japon, 3 novanm 2017.
Ivanka Trump, Konseye prezidan ameriken an Donald Trump. Ivanka Trump se anmèmtan yon pitit fi Prezidan Trump. Foto: Tokyo, Japon, 3 novanm 2017.

Konseye prezidan ameriken an Donald Trump, Ivanka Trump --ki se anmèmtan yon pitit fili--, bay plizyè peyi konsèy pouyo chanje bès moun konstate nan kantite fanm kap evolye nan domèn lasyans ak teknoloji, jeni ak matemamatik.

Pitit fi Prezidan Trump la pale konse pandan yon vizit nan Tokyo, kapital Japon. 2 jou anvan premye vizit papa l ap fè sou kontinan azyatik la antanke prezidan Lèzetazini. Madam Ivanka Trump, ki pran lapawòl vandredi 3 novanm 2017 la devan delege kap patisipe nan yon somè pou fanm, deklare:

"Medam yo reprezante 13 pousan nan enjenyè yo, 24 pousan nan pwofesyonèl kap travay nan lasyans ak teknoloji; chif sa a reprezante yon bès lè nou konsidere aviwon 35 pousan fanm sèlman kap evole nan domèn sa a nan ane.

XS
SM
MD
LG