Accessibility links

Breaking News

Refijye Myanmar yo Kotinye Debake nan Bangladèch


Yon nouvo gwoup refijye Myanmar ki rive nan Bangladèch. 17 oktòb 2017.
Yon nouvo gwoup refijye Myanmar ki rive nan Bangladèch. 17 oktòb 2017.

Plizyè milye lòt refijye Rohingya janbe fwontyè soti nan peyi Myanmar pou antre nan Bangladèch pandan 48 è ki pase yo, dapre sa ajans refijye l ONU an fè konnen.

Ajans la ki gen ti non ann Angle UNHCR estime ke ant 10 mil e 15 mil refijye sa yo ap tann toupre fwontyè a nan Bangladesh apre yo fin kouri kite vilaj yo kote lòt moun te mete dife.

XS
SM
MD
LG