Accessibility links

Breaking News

Afganistan: 20 Moun pou Pipiti Mouri nan yon Atak Teworis


Kòmando espesyalize nan Lame Afganistan an ki pran pozisyon pandan atak 17 oktòb 2017 la nan Kaboul, kapital Afganistan an.
Kòmando espesyalize nan Lame Afganistan an ki pran pozisyon pandan atak 17 oktòb 2017 la nan Kaboul, kapital Afganistan an.

Plis pase 20 moun pèdi lavi yo e plizyè douzèn lòt blese nan yon atak teworis sou yon sant antrènman lapolis nan lès peyi Afganistan jounen madi 17 oktòb 2017 la.

Otorite yo fè konnen atak la te tanmen lè yon kamikaz te fè sote yon oto chaje ak eksplozif toupre sant antrènman an nan Gardez, kapital pwovens Paktia a. Apre eksplozyon an, yon gwoup nèg ame te anvayi sant la te angaje nan boukantay kout zam ak lapolis.

XS
SM
MD
LG