Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Kore di Nò Kotinye Twoke Pawòl Piman Bouk


Yon foto ki montre Prezidan ameriken an, Donald Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.
Yon foto ki montre Prezidan ameriken an, Donald Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Prezidan Trump di Kim Jong Un se yon “moun anraje”; lidè nò-koreyen an deklare Misye Trump “se yon moun fou; tèt li pa drèt.”

Prezidan ameriken an, Donald Trump, di lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, se yon "moun ki anraje" aprè Misye Un te anonse li byen kapab teste yon bonm-a-idrojèn sou Oseyan Pasifik la.

Prezidan Trump pale konsa apre dirijan nò-koreyen an te deklare li pral koresponn ak li kif-kif poutèt li menase peyi li epi li pran nouvo sanksyon kont rejim Kore di Nò a. Anvan sa, Misye Kim te di, dapre li, Prezidan Trump se “yon moun fou”, se “yon moun tèt pa drèt.” Pou lidè nò-koreyen an, deklarasyon Misye Trump yo ak sanksyon li pran yo se pwovokasyon.

Prezidan ameriken an, ki sèvi ak kont Twitter li pou l reponn, kontinye twoke pawòl piman bouk ak dirijan nò-koreyen an. Bò kote pa l, Sekretè Deta Lèzetazini an, Rex Tillerson –ki tap abòde kesyon an vandredi 22 septanm 2017 la- rekonèt sitiyasyon sa a kreye yon monte nan tansyon ki egziste ant 2 peyi yo e sa reprezante yon vrè defi. Sepandan, daprè li, le fèt ke 2 lidè yo ap tope kòn yo ak pawòl nan bouch epi youn ap lanse menas militè kont lòt, sa pa vle di yo fèmen tout pòt pou diplomasi.

XS
SM
MD
LG