Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewop ak Afriken yo Ap Debat Meyè Fason pou Rezoud Pwoblèm Migrasyon yo


Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, adwat, ak Chanselyè almand lan, Angela Merkel, nan Palè Chan Zelize nan Pari. 28 out 2017.
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, adwat, ak Chanselyè almand lan, Angela Merkel, nan Palè Chan Zelize nan Pari. 28 out 2017.

Yon gwoup lidè Ewopeyen, ak afriken aksepte lendi 28 out 2017 la a pou yo prezante yon plan ki ka egzaminen dosye afriken kap chache azil an Ewop yo yon fason pou kapab kreye kondisyon pou moun sa yo rete nan peyi dorijin yo olye pou yo fè vwayaj danjre sa a sou lanme Mediterane a.

Prezidan fransè a, Emanuel Macron, ki tap patisipe nan somè kap dewoule lakay li kidonk nan vil Paris, peyi la Frans pale sou objektif pou jwen fason pou fè fas a migrasyon ilegal e li kalifye antant sa a ke yo anonse nan yon kominike konjwen kòm yon repons ki pi rapid e ki pi efikas pou kriz sa a.

Pami lidè peyi Ewop yo kap patisipe nan somè sou imigrasyon an genyen lidè Almay la, Itali ak Espay. Tou le 3 peyi sa yo konsidere kòm wout transitwa pou imigran yo. Lidè yo nan somè sa pral debat pi bon mwayen pou mete yon fren nan pwoblèm migratwa ap fè fas jounen jodi a.

XS
SM
MD
LG