Accessibility links

Breaking News

Ann Afganistan 3 Asayan Mouri ak yon Polisye Blese nan yon Atak Teworis sou Anbasad Irak la


Yon polis afgan ki pran abri pou kapab kontwole kout zam ki tap tire lè yon kòmando swisid te lanse yon atak sou anbasad Irak la nan Kaboul, Afganistan, 31 jiyè 2017.
Yon polis afgan ki pran abri pou kapab kontwole kout zam ki tap tire lè yon kòmando swisid te lanse yon atak sou anbasad Irak la nan Kaboul, Afganistan, 31 jiyè 2017.

Ministè Enteryè Afganistan an konfime ke yon syèj sou anbasad Irak la nan kapital la Kaboul rive nan bout li apre li te dire prèske 4 èd tan.

Li fè konnen fòs sekirite Afganistan yo tire 3 asayan; yon polisye sèlman te blese nan batay ak zam nan e ke pa gen anplwaye anbasad la ki blese.

Se 4 kamikaz ame jouk nan dan ki te anvayi anbasad Irak la nan kapital Afganistan an lendi 31 jiyè 2017 la.

Gwoup Eta Islamik la fè konnen se li ki te konplote atak la, dapre pòtpawol mondyal li Ajans nouvel Amaq.

Rebèl Taliban ak militan ki fidèl ak gwoup Eta Islamik la revandike responsablite pou vyolans ki ogmante nan 6 premye mwa 2017 la nan Afganistan.

XS
SM
MD
LG